METÒD ESPAS OUVRI

Tradiksyon ak adaptasyon an kreyòl la nan tèks orijinal Michael Hermante reyalize pa John Engle ak Jean-Yves Plaisir

Ki sa li ye?

Metòd Espas Ouvri se yon fason pou reyalize rankont ki dinamik epi ki pote anpil fwi avèk nenpòt kalite gwoup osnon òganizasyon. Eksperyans nou pandan dènye 15 ane montre nou ke abitid ouvri espas, kòm yon pratik nan lidèchip, kapab rann nenpòt òganizasyon pi kreyatif e pi efikas.

Nan rankont ak evènman Espas Ouvri yo, se moun ki prezan ki bati pwòp pwogram pa yo pou tan yo pral pase ansanm. Nòmalman gen yon seri atelye diferan k ap fèt alafwa parapò a sijè patisipan yo te pwopoze. Epi, chak moun deside pou kont li nan ki atelye li vle patisipe. Rankont oswa evènman yo toujou fèt sou yon tèm ki gen enpòtans pou moun yo, pa egzanp : “Ki estrateji tout moun ki enplike vle devlope epi kolabore ansanm menm pou reyalize estrateji sa a?”

Avèk gwoup 5 pou rive pase 1000 moun, kit se yon rankont yon sèl jou, kit se yon konferans twa jou, oswa yon reyinyon regilyè, rezilta n ap viv se yon dinamizasyon nan aktivite kolèktif yo. Tan moun pase ansanm pral bay yo yon bon moman pou fè dyalòg, planifye, aprann yonn nan men lòt, dekouvri, vin pi angaje epi reyalize plan yo menm.

Se travay Michael Herman, pou soutni Espas Ouvri mondyal.

Ki lè e poukisa ?

Metòd Espas Ouvri mache byen lè travay ki gen pou fèt la trè konplike, gen divès moun ak ide ki enplike, gen anpil anvi (ak tandans pou konfli) pou rezoud pwoblèm nan, epi tan ap kouri rapidman anfas dènye delè a.

Moun konn esplike l :”pasyon mare ak responsablite,” “enèji pandan yon bon poz kafe,” “oto-òganize entansyonèl,” “lespri an aksyon,” “kawo ak kreyativite,” “evolisyon nan òganizasyon.” Antouka se yon fason senp epi yon fason efikas pou ede yon òganizasyon oswa yon gwoup avanse lè li bezwen avanse.

Espas Ouvri ka sanble li manke estrikti, men, an reyalite estrikti patisipan yo fòme a koresponn dirèkteman a sa ki dwe fèt pou asire pa gen blokaj nan travay la. Nòmalman, istwa ak plan travay yo ki sòti nan Espas Ouvri kapab pi apwopriye e pi dirab pase plan yon ekspè oswa responsab yo enpoze.

Kisa ki pral rive?

Nou pa janm konnen egzakteman ki sa k pral rive lè n ouvri espas la pou pèmet moun fè travay ki pi enpòtan pou yo fè. Kanmenm, gen rezilta ki kapab asire depi yon gwoup antre nan Espas Ouvri a :

1. Sijè ki gen plis enpòtans pou patisipan yo pral pwopoze epi abòde.

2. Moun ki pi byen plase pou reyalize yon solisyon pral abode sijè ki pwopoze yo.

3. Pandan yonn oubyen de jou, lide ki pi enpòtan yo, enfòmasyon, rekomandasyon, konklizyon, kèsyon ki dwe etidye pi plis, ak plan pou aksyon imedya yo, pral gentan parèt nan yon rapò ki pral disponib pou chak patisipan aprè rankont la.

4. Lè li apwopriye, patisipan yo kapab mete an priyorite enfòmasyon nan rapò sa yo pandan kèk èdetan, menmsi gen gwoup ak plizyè santèn moun.

5. Aprè rankont/evènman an, tout rezilta sa yo kapab disponib pou lòt moun ki enplike men ki pa t nan rankont la, pou yo menm tou kapab envite patisipe nan reyalizasyon plan yo, san pèdi tan.

6. ANPLIS, plan yo ki sòti nan rankont sa yo kapab enplemante pi rapid pase sa ki sòti nan lòt kalite entèvansyon pou yon gwo gwoup. Istwa montre nou gen plan ak estrateji ki sòti pandan rankont Espas Ouvri yo ki ka mande plis tan pou devlope epi reyalize si se metòd pi tradisyonel yo nou t ap itilize.

Se bon nouvèl ak move nouvèl alafwa. Sa ki bon, Metòd Espas Ouvri a kapab fasilite aksyon ak travay. Sa ki kapab move kèk fwa, sètènman pral gen chanjman nan fonksyonman òganizasyon an oswa gwoup la. Gen bagay nou pa t atann ki kapab parèt epi bagay ke nou t ap atann tou, ki pa parèt. Kapab gen revè a tou. Se tankou lavi menm. An rezime, Metòd Espas Ouvri kapab fè òganizasyon yo vin pi vivan.

Kisa k gen anplis?

Pou pi byen konprann Metòd Espas Ouvri a, w kapab ale sou sitentènèt :
www.openspacecanada.org oubyen, sou sitentènèt sa a : www.openspaceworld.org

L’approche Forum Ouvert, yon tradiskyon an franse nan yon tèks ki rele,
“Open Space Technology: A User’s Guide” se travay Harrison Owen.

Le Forum Ouvert…une technologie? …une demarche de groupe ou une
nouvelle facon de penser ? Par Diane Gibeault, yon animatris nan Metòd Espas Ouvri a.

imel lis-sèv – reseauforumouvert-subscribe@yahoogroups.com

Sitentènèt sa a chaje ak istwa, konsèy ak lòt enfòmasyon itil. Pi fò ladan yo an anglè.

Emerging Order in Open Space, yon atik resan Harrison Owen, moun ki te dekouvri Metòd Espas Ouvri a.

Working in Open Space: A Guided Tour, yon egzanp nan yon evènman Espas Ouvri ki ka ede nou pi byen konprann sa ki posib ak metòd la, Michael Herman.