{"id":757,"date":"2015-05-01T04:11:48","date_gmt":"2015-05-01T04:11:48","guid":{"rendered":"http:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/?page_id=757"},"modified":"2015-05-01T04:12:45","modified_gmt":"2015-05-01T04:12:45","slug":"hait","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/what-is\/hait\/","title":{"rendered":"MET\u00d2D ESPAS OUVRI"},"content":{"rendered":"<p><i>Tradiksyon ak adaptasyon an krey\u00f2l la nan t\u00e8ks orijinal\u00a0<a href=\"http:\/\/www.michaelherman.com\/\">Michael Herman<\/a>,\u00a0<\/i><i>te reyalize pa <a href=\"mailto:john@johnengle.net\">John Engle<\/a><\/i>\u00a0<i>ak <a href=\"mailto:jeanplaisir@hotmail.com\">Jean-Yves Plaisir<\/a><\/i><\/p>\n<ul>\n<li><a href=\"http:\/\/openspaceworld.org\/languages\/index.html\">Entwodiksyon<\/a><\/li>\n<li><a href=\"http:\/\/www.eksperyansla.info\/\">Oganizasyon an Ayiti k ap avanse Espas Ouvri<\/a><\/li>\n<li><a href=\"http:\/\/www.haitipartners.org\/\">Patn\u00e8 oganizasyon li Ozetazini<\/a><\/li>\n<li><a href=\"http:\/\/fr.groups.yahoo.com\/group\/reseauforumouvert\/\">Pou enskri sou &#8220;list serve&#8221; avek plis pase 180 moun ki enterese nan Espas Ouvri<\/a><\/li>\n<li><a href=\"http:\/\/www.openspaceworld.org\/cgi\/haiti1.cgi?\">Wiki Sitent\u00e8n\u00e8t pou Lemonn Espas Ouvri a Plis istwa<\/a><\/li>\n<\/ul>\n<p><strong>Ki sa li ye?<\/strong><\/p>\n<p>Met\u00f2d Espas Ouvri se yon fason pou reyalize rankont ki dinamik epi ki pote anpil fwi av\u00e8k nenp\u00f2t kalite gwoup osnon \u00f2ganizasyon. Eksperyans nou pandan d\u00e8nye 15 ane montre nou ke abitid o<i>uvri espas<\/i>, k\u00f2m yon pratik nan lid\u00e8chip, kapab rann nenp\u00f2t \u00f2ganizasyon pi kreyatif e pi efikas.<\/p>\n<p>Nan rankont ak ev\u00e8nman Espas Ouvri yo, se moun ki prezan ki bati pw\u00f2p pwogram pa yo pou tan yo pral pase ansanm. N\u00f2malman gen yon seri atelye diferan k ap f\u00e8t alafwa parap\u00f2 a sij\u00e8 patisipan yo te pwopoze. Epi, chak moun deside pou kont li nan ki atelye li vle patisipe. Rankont oswa ev\u00e8nman yo toujou f\u00e8t sou yon t\u00e8m ki gen enp\u00f2tans pou moun yo, pa egzanp : &#8220;Ki estrateji tout moun ki enplike vle devlope epi kolabore ansanm menm pou reyalize estrateji sa a?&#8221;<\/p>\n<p>Av\u00e8k<b> <\/b>gwoup 5 pou rive pase 1000 moun, kit se yon rankont yon s\u00e8l jou, kit se yon konferans twa jou, oswa yon reyinyon regily\u00e8, rezilta n ap viv se yon dinamizasyon nan aktivite kol\u00e8ktif yo. Tan moun pase ansanm pral bay yo yon bon moman pou f\u00e8 dyal\u00f2g, planifye, aprann yonn nan men l\u00f2t, dekouvri, vin pi angaje epi reyalize plan yo menm.<\/p>\n<p>Se travay <a href=\"http:\/\/www.michaelherman.com\/\">Michael Herman<\/a>, pou soutni Espas Ouvri mondyal.<\/p>\n<p><strong>Ki l\u00e8 e poukisa ?<\/strong><\/p>\n<p>Met\u00f2d Espas Ouvri mache byen l\u00e8 travay ki gen pou f\u00e8t la tr\u00e8 konplike, gen div\u00e8s moun ak ide ki enplike, gen anpil anvi (ak tandans pou konfli) pou rezoud pwobl\u00e8m nan, epi tan ap kouri rapidman anfas d\u00e8nye del\u00e8 a.<\/p>\n<p>Moun konn esplike l :&#8221;pasyon mare ak responsablite,&#8221; &#8220;en\u00e8ji pandan yon bon poz kafe,&#8221; &#8220;oto-\u00f2ganize entansyon\u00e8l,&#8221; &#8220;lespri an aksyon,&#8221; &#8220;kawo ak kreyativite,&#8221; &#8220;evolisyon nan \u00f2ganizasyon.&#8221; Antouka se yon fason senp epi yon fason efikas pou ede yon \u00f2ganizasyon oswa yon gwoup avanse l\u00e8 li bezwen avanse.<\/p>\n<p>Espas Ouvri ka sanble li manke estrikti, men, an reyalite estrikti patisipan yo f\u00f2me a koresponn dir\u00e8kteman a sa ki dwe f\u00e8t pou asire pa gen blokaj nan travay la. N\u00f2malman, istwa ak plan travay yo ki s\u00f2ti nan Espas Ouvri kapab pi apwopriye e pi dirab pase plan yon eksp\u00e8 oswa responsab yo enpoze.<\/p>\n<p><strong>Kisa ki pral rive?<\/strong><\/p>\n<p>Nou pa janm<b> <\/b>konnen egzakteman ki sa k pral rive l\u00e8 n ouvri espas la pou p\u00e8met moun f\u00e8 travay ki pi enp\u00f2tan pou yo f\u00e8. Kanmenm, gen rezilta ki kapab asire depi yon gwoup antre nan Espas Ouvri a :<\/p>\n<blockquote><p>1. Sij\u00e8 ki gen plis enp\u00f2tans pou patisipan yo pral pwopoze epi ab\u00f2de.<\/p>\n<p>2. Moun ki pi byen plase pou reyalize yon solisyon pral abode sij\u00e8 ki pwopoze yo.<\/p>\n<p>3. Pandan yonn oubyen de jou, lide ki pi enp\u00f2tan yo, enf\u00f2masyon, rekomandasyon, konklizyon, k\u00e8syon ki dwe etidye pi plis, ak plan pou aksyon imedya yo, pral gentan par\u00e8t nan yon rap\u00f2 ki pral disponib pou chak patisipan apr\u00e8 rankont la.<\/p>\n<p>4. L\u00e8 li apwopriye, patisipan yo kapab mete an priyorite enf\u00f2masyon nan rap\u00f2 sa yo pandan k\u00e8k \u00e8detan, menmsi gen gwoup ak plizy\u00e8 sant\u00e8n moun.<\/p>\n<p>5. Apr\u00e8 rankont\/ev\u00e8nman an, tout rezilta sa yo kapab disponib pou l\u00f2t moun ki enplike men ki pa t nan rankont la, pou yo menm tou kapab envite patisipe nan reyalizasyon plan yo, san p\u00e8di tan.<\/p>\n<p>6. ANPLIS, plan yo ki s\u00f2ti nan rankont sa yo kapab enplemante pi rapid pase sa ki s\u00f2ti nan l\u00f2t kalite ent\u00e8vansyon pou yon gwo gwoup. Istwa montre nou gen plan ak estrateji ki s\u00f2ti pandan rankont Espas Ouvri yo ki ka mande plis tan pou devlope epi reyalize si se met\u00f2d pi tradisyonel yo nou t ap itilize.<\/p><\/blockquote>\n<p>Se bon nouv\u00e8l ak move nouv\u00e8l alafwa. Sa ki bon, Met\u00f2d Espas Ouvri a kapab fasilite aksyon ak travay. Sa ki kapab move k\u00e8k fwa, s\u00e8t\u00e8nman pral gen chanjman nan fonksyonman \u00f2ganizasyon an oswa gwoup la. Gen bagay nou pa t atann ki kapab par\u00e8t epi bagay ke nou t ap atann tou, ki pa par\u00e8t. Kapab gen rev\u00e8 a tou. Se tankou lavi menm. An rezime, Met\u00f2d Espas Ouvri kapab f\u00e8 \u00f2ganizasyon yo vin pi vivan.<\/p>\n<p><strong>Kisa k gen anplis?<\/strong><\/p>\n<p>Pou pi byen konprann Met\u00f2d Espas Ouvri a, w kapab ale sou sitent\u00e8n\u00e8t :<br \/>\n<a href=\"http:\/\/www.openspacecanada.org\/\" target=\"_blank\">www.openspacecanada.org<\/a> oubyen, sou sitent\u00e8n\u00e8t sa a : <a href=\"http:\/\/www.openspaceworld.org\/\">www.openspaceworld.org<\/a><\/p>\n<p><a href=\"http:\/\/openspaceworld.org\/languages\/french\/intro.html\">L&#8217;approche Forum Ouvert<\/a>, yon tradiskyon an franse nan yon t\u00e8ks ki rele,<br \/>\n&#8220;Open Space Technology: A User&#8217;s Guide&#8221; se travay Harrison Owen.<\/p>\n<p><a href=\"http:\/\/openspaceworld.org\/languages\/french\/gibeault.html\">Le Forum Ouvert&#8230;une technologie?<\/a> &#8230;une demarche de groupe ou une<br \/>\nnouvelle facon de penser ? Par Diane Gibeault, yon animatris nan Met\u00f2d Espas Ouvri a.<\/p>\n<p><a href=\"mailto:reseauforumouvert-subscribe@yahoogroups.com\"><b>imel lis-s\u00e8v<\/b> &#8211; reseauforumouvert-subscribe@yahoogroups.com<\/a><\/p>\n<p><strong>Sitent\u00e8n\u00e8t sa a chaje ak istwa, kons\u00e8y ak l\u00f2t enf\u00f2masyon itil. Pi f\u00f2 ladan yo an angl\u00e8.<\/strong><\/p>\n<p><a href=\"http:\/\/openspaceworld.org\/english\/orderforfree.html\">Emerging Order in Open Space<\/a>, yon atik resan Harrison Owen, moun ki te dekouvri Met\u00f2d Espas Ouvri a.<\/p>\n<p><a href=\"http:\/\/openspaceworld.org\/english\/guidedtour.html\">Working in Open Space: A Guided Tour<\/a>, yon egzanp nan yon ev\u00e8nman Espas Ouvri ki ka ede nou pi byen konprann sa ki posib ak met\u00f2d la, <a href=\"http:\/\/www.michaelherman.com\/\">Michael Herman<\/a>.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Tradiksyon ak adaptasyon an krey\u00f2l la nan t\u00e8ks orijinal\u00a0Michael Herman,\u00a0te reyalize pa John Engle\u00a0ak Jean-Yves Plaisir Entwodiksyon Oganizasyon an Ayiti k ap avanse Espas Ouvri Patn\u00e8 oganizasyon li Ozetazini Pou enskri sou &#8220;list serve&#8221; avek plis pase 180 moun ki enterese nan Espas Ouvri Wiki Sitent\u00e8n\u00e8t pou Lemonn Espas Ouvri a Plis istwa Ki sa [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"parent":391,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"footnotes":""},"class_list":["post-757","page","type-page","status-publish","hentry"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/757","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=757"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/757\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":759,"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/757\/revisions\/759"}],"up":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/391"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/openspaceworld.org\/wp2\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=757"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}